Proverbs 13:16
Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt.
Bib La
In The King James Version
Every prudent man dealeth with knowledge: but a fool layeth open his folly.
In Context
15Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di.
17Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze.
Cross References
1 Samuel 25:17Koulye a, kalkile byen sa ou wè ou ka fè, paske bagay la ka vire mal ni pou mèt nou ni pou tout fanmi l'. Mari ou sitèlman gen move jan, moun pa ka pale ak li.
Psalms 112:5Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
Proverbs 12:23Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
Proverbs 15:2Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans.
Ecclesiastes 10:3Menm lè moun sòt ap mache nan lari, li egare, li fè tout moun wè se moun sòt li ye.
Isaiah 52:13Seyè a di: -Men li, sèvitè m' lan va wè tout travay li ap mache byen! L'a vin grannèg. Moun va konsidere l' anpil. Y'a pote l' anlè!