Proverbs 13:15
Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di.
Bib La
In The King James Version
Good understanding giveth favour: but the way of transgressors is hard.
In Context
14Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.
Cross References
1 Samuel 18:14Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.
Psalms 111:10Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.
Proverbs 4:19Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
Proverbs 15:10Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri.
Luke 2:52Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
Romans 6:21Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò.