Proverbs 16:28
Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.
Bib La
In The King James Version
A froward man soweth strife: and a whisperer separateth chief friends.
In Context
27Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
29Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.
Cross References
Genesis 3:1Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?
Proverbs 6:14Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.
Proverbs 15:18Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.
Proverbs 17:17Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.
Proverbs 18:8Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
Proverbs 29:22Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.