Proverbs 6:14
Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.
Bib La
In The King James Version
Frowardness is in his heart, he deviseth mischief continually; he soweth discord.
In Context
13Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo.
15Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò.
Cross References
Psalms 36:4(036:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
Proverbs 2:14Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.
Proverbs 3:32Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo.
Proverbs 14:22Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.
Proverbs 21:8Moun k'ap fè sa ki mal ap mache sou chemen plen detou. Men, inonsan yo fè sa ki dwat.
Proverbs 24:8Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan.