Proverbs 16:5
Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.
Cross References
Job 40:12Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!
Proverbs 6:17Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan,
Proverbs 11:21Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.
Isaiah 2:12Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
Romans 2:8Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo.