Isaiah 2:12
Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 40:11Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!
Psalms 37:13Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.
Proverbs 6:16Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:
Isaiah 5:15Yo pral trennen tout moun nan labou. Yo pral fè yo wont. Tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo pral bese je yo atè.
Isaiah 10:33Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
Isaiah 13:9Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal!