Proverbs 17:26
Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal.
Bib La
In The King James Version
Also to punish the just is not good, nor to strike princes for equity.
In Context
25Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'.
27Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
2 Samuel 3:39Atout se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m' fèb jòdi a. Pitit gason Sewouya yo twò mechan pou mwen. Se pou Bondye pini krimenèl sa yo pou mechanste yo fè a.
2 Samuel 19:7Koulye a, monwa, leve non! Al pale ak moun pa ou yo pou ankouraje yo. Si ou pa fè sa, mwen fè sèman devan Bondye, denmen maten p'ap gen yon moun k'ap kanpe avè ou ankò. Malè sa a pral pi rèd pase tout malè ki janm tonbe sou ou depi ou te jenn gason rive jounen jòdi a.
Proverbs 17:15Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.
Micah 5:1Nou menm, moun lavil Jerizalèm, sanble moun nou yo! Mete yon lame sou pye! Men yo sènen lavil la toupatou. Y'ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y'ap ba li baton, y'ap souflete l'.