Proverbs 18:10
Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.
Bib La
In The King James Version
The name of the LORD is a strong tower: the righteous runneth into it, and is safe.
In Context
9Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.
11Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.
Cross References
Genesis 17:1Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
Exodus 6:3Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a.
1 Samuel 17:45David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.
2 Samuel 22:3Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo.
2 Samuel 22:51Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.