Proverbs 18:17
Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.
Bib La
In The King James Version
He that is first in his own cause seemeth just; but his neighbour cometh and searcheth him.
In Context
16Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.
18Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.
Cross References
2 Samuel 16:1David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (0200) pen, san (0100) grap rezen chèch, san (0100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven.
Proverbs 18:13Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.
Acts 24:12Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pesonn nan tanp lan, yo pa bare m' ap moute tèt pesonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la.