2 Samuel 16:1
David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (0200) pen, san (0100) grap rezen chèch, san (0100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 16:20Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a.
1 Samuel 25:18Abigayèl prese pran desan (0200) pen, de gwo veso an po bèt plen diven, senk mouton tou kwit, de barik grenn griye, san mamit rezen chèch, desan (0200) gato fèt ak figfrans chèch, li chaje tou sa sou bourik.
2 Samuel 15:30David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache deyè l' yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye.
2 Samuel 17:27Lè David rive lavil Manayim, gen twa moun ki vin jwenn li. Se te Choni, pitit gason Nach, moun lavil Raba, kapital peyi Amon an, Maki, pitit gason Amyèl, moun lavil Lodeba, ak Bazilayi, moun lavil Wogelim nan peyi Galarad.
1 Chronicles 12:40Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.
Proverbs 29:4Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a.