Proverbs 19:21
Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
Bib La
In The King James Version
There are many devices in a man’s heart; nevertheless the counsel of the LORD, that shall stand.
In Context
20Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
22Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò.
Cross References
Genesis 45:4Jozèf di frè l' yo: -Pwoche vin pi pre m'. Yo pwoche, li di yo: -Se mwen menm Jozèf wi, frè nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki tapral peyi Lejip la.
2 Samuel 17:14Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: -Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Seyè a te deside pou li pa t' kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon.
Job 23:13Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?
Psalms 33:10Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.
Proverbs 12:2Seyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan.
Proverbs 16:9Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.