Job 23:13
Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?
Bib La
In The King James Version
But he is in one mind, and who can turn him? and what his soul desireth, even that he doeth.
In Context
12Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
14L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.
Cross References
Numbers 23:19Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
Job 10:13Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.
Job 12:14Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.
Psalms 115:3Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.
Proverbs 19:21Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
Ecclesiastes 3:14Mwen konnen tou sa Bondye fè la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ou pa ka wete anyen ladan l'. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li.