Proverbs 19:28
Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.
Bib La
In The King James Version
An ungodly witness scorneth judgment: and the mouth of the wicked devoureth iniquity.
In Context
27Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.
29Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.
Cross References
1 Kings 21:10Lèfini, jwenn de vakabon, fè yo vin kanpe devan l' pou yo akize l'. y'a di li derespekte Seyè a ansanm ak wa a. Lè sa a, n'a pran Nabòt, n'a trennen l' andeyò limit lavil la, n'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Job 15:16Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
Job 34:7Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè.
Psalms 10:11Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.
Proverbs 16:27Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
Hosea 4:8Plis pèp la plonje nan fè peche, se plis n'ap vin pi rich. Se konsa nou ta renmen wè pèp la fè peche plis toujou.