1 Kings 21:10
Lèfini, jwenn de vakabon, fè yo vin kanpe devan l' pou yo akize l'. y'a di li derespekte Seyè a ansanm ak wa a. Lè sa a, n'a pran Nabòt, n'a trennen l' andeyò limit lavil la, n'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Chèf fanmi yo ak otorite lavil Jizreyèl yo fè tou sa Jezabèl ba yo lòd fè nan lèt yo.
Cross References
Exodus 22:28Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.
Leviticus 24:15Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l' peye pou sa l' fè a.
Deuteronomy 13:13gen kèk moun, kèk vòryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen,
Judges 19:22Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'.
Isaiah 59:14Se poutèt sa, nou pa t' bay chans pou yo defann nou. Pesonn pa ka pwoche vin delivre nou. Nan tout lavil la ou pa konn kote ou gad ak pesonn. Pesonn pa mache dwat.
John 10:33Jwif yo reponn li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.