Proverbs 2:21
Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la.
Bib La
In The King James Version
For the upright shall dwell in the land, and the perfect shall remain in it.
In Context
20Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi.
Cross References
Job 42:12Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (014.000) mouton, simil (06.000) chamo, demil (02.000) tèt bèf ak mil (01000) manman bourik.
Psalms 37:9Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.
Psalms 37:18Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.
Psalms 37:29Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.
Psalms 112:4Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.