Proverbs 2:20
Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi.
Bib La
In The King James Version
That thou mayest walk in the way of good men, and keep the paths of the righteous.
In Context
19Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò!
21Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la.
Cross References
Psalms 119:63Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.
Proverbs 4:11Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.
Proverbs 13:20Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.
Jeremiah 6:16Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!
3 John 1:11Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pa t' janm wè Bondye.