Proverbs 20:18
Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.
Bib La
In The King James Version
Every purpose is established by counsel: and with good advice make war.
In Context
19Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.
Cross References
Judges 9:29Pa mande Bondye se mwen ki te chèf pèp sa a! Mwen ta mete Abimelèk nan wòl li! Mwen ta di l': Si ou gen yon gwo lame vre, soti non! Soti vin goumen!
Judges 20:7Nou tout isit la se moun pèp Izrayèl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fè?
Judges 20:23Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale.
2 Samuel 2:26Abnè rele Joab, li di l' konsa: -Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou?
2 Kings 18:20Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase, san ou pa bezwen lespri ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?
Proverbs 11:14Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.