Proverbs 20:25
Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.
Bib La
In The King James Version
It is a snare to the man who devoureth that which is holy, and after vows to make enquiry.
In Context
24Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?
26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
Cross References
Leviticus 5:15-Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.
Leviticus 27:9Si se yon bèt yon moun pran angajman pou l' ofri bay Seyè a, nenpòt kisa l'a bay Seyè a va rete apa nèt pou Seyè a.
Numbers 30:2Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a.
Deuteronomy 23:23Men, depi yon pawòl sot nan bouch nou, fòk nou kenbe l'. Lè nou fè Seyè a yon pwomès ak pwòp bouch nou san anyen pa t' fòse nou fè l', se pou nou kenbe l'.
Judges 21:22Si papa yo osinon frè yo vin jwenn nou, nou menm chèf pèp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pa t' jwenn kont fanm pou yo lè nou te al goumen lavil Jabès la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pesonn p'ap ka di nou pa t' kenbe sèman nou.
Ecclesiastes 5:2Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè ankenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.