Proverbs 21:2
Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k'ap jije sa ki nan kè yo.
Bib La
In The King James Version
Every way of a man is right in his own eyes: but the LORD pondereth the hearts.
In Context
1Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.
3Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li.
Cross References
1 Samuel 16:7Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
Psalms 36:2(036:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.
Proverbs 16:25Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
Proverbs 20:6Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
Proverbs 30:12Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen.
Daniel 5:27Peze: Li mete ou nan balans, li jwenn ou manke pèz.