Proverbs 21:31
Moun pare chwal pou y' al fè lagè, men se Seyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.
Bib La
In The King James Version
The horse is prepared against the day of battle: but safety is of the LORD.
In Context
30Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.
Cross References
2 Samuel 23:12Men Chama rete kanpe nan mitan jaden pwa a, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li bat yo byen bat. Se konsa Seyè a te goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo.
Psalms 3:8(03:9) Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
Psalms 20:8(020:9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.
Psalms 68:20(068:21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.
Psalms 147:10Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan.
Isaiah 31:1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.