Proverbs 23:17
Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
Let not thine heart envy sinners: but be thou in the fear of the LORD all the day long.
In Context
16M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.
18Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.
Cross References
Psalms 73:3paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.
Proverbs 3:31Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.
Proverbs 24:1Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.
Proverbs 24:21Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.
Ecclesiastes 5:6Pa kite pawòl ki soti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou?
Ecclesiastes 12:13Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.