Ecclesiastes 5:6
Pa kite pawòl ki soti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 48:16Se pou zanj Bondye ki te delivre m' anba tout move pa beni timoun yo. Se pou yo pote non mwen ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak. Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple sou tè a.
Leviticus 27:9Si se yon bèt yon moun pran angajman pou l' ofri bay Seyè a, nenpòt kisa l'a bay Seyè a va rete apa nèt pou Seyè a.
Proverbs 23:17Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.
Ecclesiastes 5:1Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal.
Hosea 12:4Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'.
Haggai 2:14Lè sa a, Aje di yo konsa: -Men sa Seyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y'ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.