Proverbs 24:29
Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.
Bib La
In The King James Version
Say not, I will do so to him as he hath done to me: I will render to the man according to his work.
In Context
28Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.
30Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.
Cross References
Judges 15:11Lè sa a, twamil (03000) gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa? Li reponn yo: -Mwen fè yo menm sa yo te fè m' lan.
Proverbs 20:22Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.
Matthew 5:39Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.
1 Thessalonians 5:15Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.