Matthew 5:39
Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
38Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.
40Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l' pran chemiz ou, kite palto a ba li tou.
Cross References
Leviticus 19:18Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!
1 Samuel 25:31wi, lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan règrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse deske ou te mete san moun deyò san rezon osinon deske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Seyè a va beni ou, tanpri pa bliye m'.
1 Kings 22:24Lè sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?
Job 31:29Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.
Proverbs 24:29Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.
Lamentations 3:30Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou.