Proverbs 26:27
Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze.
Bib La
In The King James Version
Whoso diggeth a pit shall fall therein: and he that rolleth a stone, it will return upon him.
In Context
26Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo.
28Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.
Cross References
Esther 7:10Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.
Psalms 7:15(07:16) Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.
Psalms 9:15(09:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.
Psalms 57:6(057:7) Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li.
Proverbs 28:10Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l' fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans.
Isaiah 3:8Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Seyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.