The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 3 › Isaiah 3:8

Isaiah 3:8

Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Seyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.

Bib La

In The King James Version

For Jerusalem is ruined, and Judah is fallen: because their tongue and their doings are against the LORD, to provoke the eyes of his glory.

In Context

7Men, moun yo chwazi a va reponn: Non. Mwen pa dòktè, mwen pa ka fè anyen pou nou! Ni tou, mwen pa gen manje, m' pa gen rad lakay mwen. Pa mete m' chèf sou pèp la.

9Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo.

Read all of Isaiah 3

Cross References

2 Chronicles 28:5Poutèt tout bagay sa yo, Seyè a, Bondye Akaz la, lage l' nan men wa peyi Siri a. Moun Siri yo bat li. Yo fè anpil moun peyi a prizonye, yo mennen yo lavil Damas. Konsa tou, Seyè a lage l' nan men wa peyi Izrayèl la ki bat li byen bat.

2 Chronicles 33:6Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò.

2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.

Proverbs 26:27Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze.

Isaiah 5:18Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen l' dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt gwo, n'ap rale yo dèyè nou tankou bèt k'ap rale kabwèt!

Isaiah 57:4Ki moun n'ap pase nan betiz la a? Ki moun n'ap pale mal konsa? Sou ki moun n'ap fè grimas konsa? Se yon bann moun ki pa janm kenbe pawòl yo, yon bann moun k'ap bay manti nou ye.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 3:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 3:7Isaiah 3Isaiah 3:9 →