Proverbs 27:18
Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
Cross References
Genesis 24:2Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman.
Genesis 39:22Li mete l' veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an.
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
2 Kings 5:2Yon lè yon bann moun peyi Siri t al fè piyay nan peyi Izrayèl la, yo te fè yon tifi moun Izrayèl yo prizonye. Tifi a te rete ak madan Naaman.
2 Kings 5:27Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton.
Psalms 123:2Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.