Proverbs 28:15
Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.
Bib La
In The King James Version
As a roaring lion, and a ranging bear; so is a wicked ruler over the poor people.
In Context
Cross References
Exodus 1:14Yo rann yo lavi minab, yo fè yo travay rèd ap bat mòtye, ap fè brik, ap fè tout lòt kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay sa yo.
1 Samuel 22:17Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo.
2 Kings 15:16Apre sa, Menayèm soti lavil Tiza, li atake lavil Tifsak, li touye dènye moun ki te rete ladan l' ak nan tout vwazenaj lavil la. Li menm rive louvri vant tout fanm ansent yo. Li te fè sa paske yo pa t' louvri pòtay lavil la ba li.
Esther 3:6Lè li vin konnen menm se jwif Madoche te ye, li fè lide se pa Madoche sèlman l'ap pini. L'ap òganize l' pou l' touye dènye kras jwif ki nan peyi wa Asyeris la.
Proverbs 19:12Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
Isaiah 14:5Seyè a kase baton mechan yo. Li kase kokomakak chèf ki t'ap maltrete nou an!