Proverbs 28:16
Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.
Cross References
1 Kings 12:10Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'.
Nehemiah 5:15Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
Ecclesiastes 4:1Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo.
Isaiah 33:15Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal.
Amos 4:1Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè.