Proverbs 28:21
Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz.
Bib La
In The King James Version
To have respect of persons is not good: for for a piece of bread that man will transgress.
In Context
22Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan.
Cross References
Exodus 23:2Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò.
Deuteronomy 1:17Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.
Proverbs 24:23Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.
Hosea 4:18Yo mete tèt yo ansanm ak yon bann gwògè. Yo lage kò yo nan fanm. Yo pito sa ki pou fè yo wont la pase sa ki pou ta fè moun respekte yo.
Micah 7:3Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm.
2 Peter 2:3Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.