Proverbs 3:10
Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
Bib La
In The King James Version
So shall thy barns be filled with plenty, and thy presses shall burst out with new wine.
In Context
11Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje.
Cross References
Deuteronomy 14:29Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
2 Chronicles 31:10Azarya, granprèt la, moun fanmi Zadòk yo, di l' konsa: -Depi lè pèp la konmanse ap pote ofrann nan Tanp lan, gen kont manje pou moun manje. Lèfini, rete yon bon kantite, paske Seyè a beni pèp li a. Sa ki rete la a, se sa ki te anplis la.
Proverbs 19:17Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
Ecclesiastes 11:1Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.
Haggai 2:19Ata grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou.
Matthew 10:42Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.