Proverbs 3:21
Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.
Bib La
In The King James Version
My son, let not them depart from thine eyes: keep sound wisdom and discretion:
In Context
20Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè.
22Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
Cross References
Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Deuteronomy 32:46li di yo konsa: -Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m' temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a.
Proverbs 2:7Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l'.
Proverbs 4:6Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.
Proverbs 19:8Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.
John 15:6Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.