The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 4 › Deuteronomy 4:9

Deuteronomy 4:9

Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.

Bib La

In The King James Version

Only take heed to thyself, and keep thy soul diligently, lest thou forget the things which thine eyes have seen, and lest they depart from thy heart all the days of thy life: but teach them thy sons, and thy sons’ sons;

In Context

8Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou regle tout bagay san patipri tankou lalwa mwen mete devan nou jòdi a.

10Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.

Read all of Deuteronomy 4

Cross References

Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.

Exodus 13:8Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Seyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou soti kite Lejip la.

Deuteronomy 4:15Veye kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Seyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pa t' wè anyen ki ta sanble ak yon bagay.

Deuteronomy 6:7N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.

Deuteronomy 29:29Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.

Deuteronomy 32:46li di yo konsa: -Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m' temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 4:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 4:8Deuteronomy 4Deuteronomy 4:10 →