Proverbs 3:24
Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
23W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
Cross References
Leviticus 26:6M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.
Job 11:19Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.
Psalms 3:6(03:7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.
Psalms 91:5Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.
Psalms 127:2Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
Proverbs 19:23Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.