Proverbs 2:14
Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.
Bib La
In The King James Version
Who rejoice to do evil, and delight in the frowardness of the wicked;
In Context
13Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa.
15Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan.
Cross References
Proverbs 10:23Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l' nan chache gen bon konprann.
Hosea 7:3Nan mechanste yo, y'ap fè fèt pou wa a. Y'ap woule chèf yo, antan y'ap fè konplo.
Zephaniah 3:11Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m' sou mòn ki apa pou mwen an.
Romans 1:32Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.