Proverbs 7:10
Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li.
Bib La
In The King James Version
And, behold, there met him a woman with the attire of an harlot, and subtil of heart.
In Context
9Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa.
11Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li.
Cross References
Genesis 38:14Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t' pran l' bay Chela pou madanm.
2 Kings 9:22Joram mande l': —Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: —Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
Proverbs 23:28Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.
Isaiah 23:16Pran gita ou! Mache nan tout lavil la! Ou menm, jennès yo te bliye a! Jwe bèl mizik, chante bèl chante ou yo ankò pou yo ka chonje ou!
2 Corinthians 11:2M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.
Revelation 17:3Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.