Proverbs 7:12
Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou.
Bib La
In The King James Version
Now is she without, now in the streets, and lieth in wait at every corner.)
In Context
11Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li.
13Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l':
Cross References
Proverbs 7:8Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan.
Proverbs 23:28Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.
Jeremiah 2:33Ou konnen byen sa pou ou fè lè w'ap kouri dèyè gason. Lè konsa, nanpwen krim ou p'ap fè.
Jeremiah 3:2Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo.
Ezekiel 16:31Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pa t' dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo.
Revelation 18:23Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.