Psalms 105:25
Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.
Bib La
In The King James Version
He turned their heart to hate his people, to deal subtilly with his servants.
In Context
24Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.
26Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.
Cross References
Genesis 15:13Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (0400 an).
Exodus 1:10Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n' bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a.
Exodus 1:16li di yo: -Lè n'ap akouche medam ebre yo, lè yo sou choukèt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l'. Men si se yon fi, kite l' viv.
Exodus 4:21Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.
Exodus 10:1Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo.
Ecclesiastes 3:8Li fikse lè pou ou renmen, lè pou ou rayi, lè pou nou fè lagè, lè pou nou fè lapè.