Ecclesiastes 3:8
Li fikse lè pou ou renmen, lè pou ou rayi, lè pou nou fè lagè, lè pou nou fè lapè.
Bib La
In The King James Version
A time to love, and a time to hate; a time of war, and a time of peace.
In Context
7lè pou ou dechire, lè pou ou koud, lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.
9Kisa yon nonm jwenn nan travay li?
Cross References
Genesis 14:14Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit (0318) antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann.
Joshua 11:23Jozye te pran tout peyi a, jan Seyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l' pa l'. Li separe l', li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pa t' gen goumen ankò.
1 Kings 5:4Men koulye a, Seyè a, Bondye mwen an, ban m' lapè sou tout fwontyè yo. Mwen pa gen moun pou chache m' kont, ni moun pou fè m' move kou.
2 Chronicles 19:2Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.
Psalms 105:25Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.
Ezekiel 16:8Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa.