Psalms 106:31
Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
And that was counted unto him for righteousness unto all generations for evermore.
In Context
30Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri.
32Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.
Cross References
Numbers 25:10Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Numbers 25:13M'ap mete li, li menm ak tout ras fanmi l' apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Paske li te fè m' wè jan li pa t' tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen. Se konsa li fè m' padonnen sa pèp la te fè ki mal la.
Mark 14:3Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la. Pandan li te chita bò tab la, yon fanm vin antre. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat. Ti boutèy la te plen yon odè bon kalite ki fèt ak yon fèy yo rele n'a ki vann byen chè. Fanm lan kase kou boutèy la, epi li vide tout odè a sou tèt Jezi.