Psalms 107:37
Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt.
Bib La
In The King James Version
And sow the fields, and plant vineyards, which may yield fruits of increase.
In Context
36Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete.
38Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple.
Cross References
Genesis 26:12Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
Isaiah 37:30Apre sa, Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vini apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.
Jeremiah 29:5Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje.
Ezekiel 28:26Yo pral viv nan peyi a san danje, san malè. Yo pral bati kay, y'ap plante jaden rezen. M'ap pini tout nasyon ki rete toupre yo epi ki pa vle wè yo. Pèp Izrayèl la menm ap viv san danje, san malè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo a.
Amos 9:13Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Haggai 1:10Se poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse.