Amos 9:13
Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:5Lè sa a, nou p'ap anko fin bat ble, n'ap gen tan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gen tan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.
Psalms 97:5Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.
Isaiah 55:13Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Seyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pesonn p'ap ka detwi.
Hosea 2:21Jou sa a, m'a reponn lapriyè tout moun. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap fè lapli soti nan syèl tonbe sou latè.
Joel 3:20-(we vèsè pwochen)
John 4:35Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò nou pral fè rekòt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase.