Psalms 109:17
Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 18:21Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.
Psalms 59:12(059:13) Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.
Proverbs 14:14Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.
Ezekiel 35:6Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: m'ap fè nou benyen nan dlo kò nou, nou p'ap ka chape. Wi, nou te mete san yo deyò, san an gen pou pousib nou.
2 Thessalonians 2:10Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li.