Psalms 118:15
Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'.
16Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.
Cross References
Deuteronomy 12:12Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.
Psalms 30:11(030:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.
Psalms 44:3(044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
Psalms 60:12(060:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
Psalms 89:13(089:14) Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn.
Psalms 111:2Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.