Psalms 120:6
Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!
Bib La
In The King James Version
My soul hath long dwelt with him that hateth peace.
In Context
Cross References
1 Samuel 20:30Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou!
Ezekiel 2:6Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di.
Matthew 10:36Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou.