Psalms 147:13
Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.
Bib La
In The King James Version
For he hath strengthened the bars of thy gates; he hath blessed thy children within thee.
In Context
12Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an!
14L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.
Cross References
Nehemiah 6:1Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pa t' gen ankenn twou ladan l' ankò. Men lè sa a, nou pa t' ankò moute gwo batan pòtay yo.
Nehemiah 7:3Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs le solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouy bò lakay yo.
Psalms 48:11(048:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
Psalms 115:14Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou.
Psalms 128:3Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.
Isaiah 44:3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.