Psalms 21:1
(021:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (021:2) Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.
Bib La
In The King James Version
The king shall joy in thy strength, O LORD; and in thy salvation how greatly shall he rejoice!
In Context
2(021:3) Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou.
Cross References
Psalms 20:5(020:6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'.
Psalms 28:7Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
Psalms 62:7(062:8) Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
Psalms 71:17Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.
Psalms 99:4Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!