Psalms 21:4
(021:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
Bib La
In The King James Version
He asked life of thee, and thou gavest it him, even length of days for ever and ever.
In Context
3(021:4) Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.
5(021:6) Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon,
Cross References
1 Kings 2:33Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Seyè a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l' yo kè poze.
2 Kings 11:12Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!
Psalms 16:10Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Psalms 89:36(089:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
Psalms 119:77Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.