Psalms 25:21
Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
Bib La
In The King James Version
Let integrity and uprightness preserve me; for I wait on thee.
In Context
22O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.
Cross References
1 Samuel 26:23Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a.
Psalms 18:20(018:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
Psalms 26:11Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.
Proverbs 11:3Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.
Daniel 6:22Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?
Acts 25:10Pòl reponn li: Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp.