Proverbs 11:3
Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
4Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
Cross References
Psalms 25:21Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
Proverbs 11:5Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo.
Proverbs 19:3Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye.
Proverbs 28:18Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe.
Isaiah 1:28Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Seyè a.